Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 5

1 Wa 5:10-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen.
11Salomon menm, bò pa l', bay Iram sanmil (0100.000) barik ble ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv chak lanne pou l' bay moun li yo manje.
12Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.
13wa Salomon fè ranmase trantmil (030.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.
14Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (010.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li.
15Salomon te gen katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (070.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm,
16san konte twamil twasan (03.300) fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo.

Read 1 Wa 51 Wa 5
Compare 1 Wa 5:10-161 Wa 5:10-16