5Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
6Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
8Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
9Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.