Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 72

Sòm 72:2-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
5Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
6Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
9Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
13L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.

Read Sòm 72Sòm 72
Compare Sòm 72:2-13Sòm 72:2-13