Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 21

Resansman 21:10-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10Moun pèp Izrayèl yo pati, y' al moute kan yo nan fon Obòt la.
11Apre sa, yo kite fon Obòt, y' al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Moab la.
12Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan ravin Zerèd.
13Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a.
14Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Seyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon
15avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la.
16Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo.
17Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa!
18Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana.
19Lè yo kite Matana, y' ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt.
20Lè yo kite Bannòt, y' ale nan fon ki nan peyi Moab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo.
21Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa:
22-Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la.
23Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.

Read Resansman 21Resansman 21
Compare Resansman 21:10-23Resansman 21:10-23