4N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.
5Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.
6Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.
7Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
8Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
9Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
10Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
11Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
12Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
13Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
14Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
16Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.