Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 10

Resansman 10:12-36

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an.
13Se konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Seyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou l' a.
14Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
15Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a.
16Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an.
17Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
18Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.
19Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an.
20Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.
21Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo.
22Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.
23Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a.
24Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.
25Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache.
26Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a.
27Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.
28Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati.
29Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
30Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'.
31Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid.
32Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.
33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
34Chak fwa y'ap kite yon kote pou yo ale yon lòt kote, nwaj Seyè a te rete anlè tèt yo nan syèl la tout lajounen.
35Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: -Leve non, Seyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!
36Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di: -Tounen non, Seyè! Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo!

Read Resansman 10Resansman 10
Compare Resansman 10:12-36Resansman 10:12-36