Text copied!
Bibles in Haitian

Resansman 10:12-36 in Haitian

Help us?

Resansman 10:12-36 in Bib La

12 Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an.
13 Se konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Seyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou l' a.
14 Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
15 Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a.
16 Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an.
17 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.
19 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an.
20 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.
21 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo.
22 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.
23 Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a.
24 Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.
25 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache.
26 Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a.
27 Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.
28 Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati.
29 Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
30 Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'.
31 Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid.
32 Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.
33 Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
34 Chak fwa y'ap kite yon kote pou yo ale yon lòt kote, nwaj Seyè a te rete anlè tèt yo nan syèl la tout lajounen.
35 Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: -Leve non, Seyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!
36 Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di: -Tounen non, Seyè! Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo!
Resansman 10 in Bib La