Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 12

Lik 12:52-56

Help us?
Click on verse(s) to share them!
52Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.
53Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.
54Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.
55Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.
56Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a?

Read Lik 12Lik 12
Compare Lik 12:52-56Lik 12:52-56