Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 15

Levitik 15:2-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2-Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
3Kit ekoulman an ap koule, kit li bloke ti pati li, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
4Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote moun malad la kouche ni ak bagay kote l' te chita.
5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
6Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
7Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
8Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
9Si nonm malad la moute sou yon sèl chwal, moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pa ka sèvi avèk sèl la.
10Tout moun ki manyen nenpòt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Tout moun ki va pran nenpòt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
11Si yon nonm ki gen ekoulman manyen yon moun san li pa lave men l' anvan, moun sa a gen pou lave rad ki sou li, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
12Depi nonm malad la manyen yon veso fèt an tè, se pou yo kraze veso a. Men, si veso a fèt an bwa, y'a lave l' nan gwo dlo.
13Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
14Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
15Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.

Read Levitik 15Levitik 15
Compare Levitik 15:2-15Levitik 15:2-15