Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 13

Levitik 13:2-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2-Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.
3Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
4Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou.
5Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.
6Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
7Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l' la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò.
8Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!
9Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prèt la.
10Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,
11se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.
12Men, si maladi a gaye sou tout kò l', si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l' li wè se bouton,
13prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
14Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
15Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
16Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la.
17Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
18Si yon moun gen yon apse ki geri,
19men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l' al wè prèt la.

Read Levitik 13Levitik 13
Compare Levitik 13:2-19Levitik 13:2-19