Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 4

Jan 4:43-54

Help us?
Click on verse(s) to share them!
43Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.
44Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti.
45Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.
46Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.
47Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.
48Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
49Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.
50Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale.
51Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri.
52Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe.
53Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.
54Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.

Read Jan 4Jan 4
Compare Jan 4:43-54Jan 4:43-54