Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 2

1 Wa 2:19-31

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe pou l' resevwa manman l'. Li bese byen ba devan l' pou di l' bonjou. Apre sa, l' al chita sou fotèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fotèy pou manman l' chita bò dwat li.
20Batcheba di konsa: -Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m' sa. W'a reponn: -Manman, mande m' sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.
21Batcheba di l': -Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.
22Wa a reponn manman li, li di li: -Poukisa w'ap mande m' pou m' bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m' pou m' ba li plas wa a tou, se gran frè m' li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l'.
23Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Seyè a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l' mande m' la a!
24Seyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotèy David, papa m' lan. Li kenbe pwomès li, li mete m' chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou chèf apre m'. Mwen fè sèman nan non Seyè a, se pou Adonija mouri jòdi a menm.
25Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l' al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.
26Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l' konsa. -Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyè a devan David, papa m'. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l'.
27Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.
28Lè Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l'. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pa t' janm pran pozisyon pou Absalon.
29Y' al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab.
30Benaja ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa: -Wa a bay lòd pou ou soti la a. Joab reponn: -Non. Se isit la m'ap mouri. Benaja tounen al jwenn wa a, li rapòte l' repons Joab te ba li a.
31Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.

Read 1 Wa 21 Wa 2
Compare 1 Wa 2:19-311 Wa 2:19-31