Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 22

1 Wa 22:33-53

Help us?
Click on verse(s) to share them!
33Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.
34Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
35Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule soti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri.
36Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo,
37paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'.
38Y' al lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Seyè a te di sa t'ap rive a.
39Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
40Lè Akab mouri, se pitit li, Okozyas ki moute wa nan plas li.
41Akab te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Jozafa, pitit Asa a, moute sou fotèy wa peyi Jida a.
42Lè sa a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman li te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.
43Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.
44Jozafa te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.
45n'a jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo,
46jan li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou rèy Asa, papa l'.
47(Lè sa a, pa t' gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)
48Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.
49Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize.
50Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.
51Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari.
52Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li swiv egzanp papa l' ak manman l'. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal.
53Li sèvi Baal, li adore l' tankou papa l' te fè a. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.

Read 1 Wa 221 Wa 22
Compare 1 Wa 22:33-531 Wa 22:33-53