Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 25

Travay 25:1-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm.
2Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl.
3Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la.
4Men, Festis reponn yo: Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m', mwen pral tounen Sezare talè konsa.
5Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a.
6Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl.

Read Travay 25Travay 25
Compare Travay 25:1-6Travay 25:1-6