Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 96

Sòm 96:7-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
8Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
9Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
10Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.
11Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.
12Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,

Read Sòm 96Sòm 96
Compare Sòm 96:7-12Sòm 96:7-12