Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 83

Sòm 83:7-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7(083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
8(083:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
13(083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
14(083:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
15(083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
16(083:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.
17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.

Read Sòm 83Sòm 83
Compare Sòm 83:7-17Sòm 83:7-17