6(07:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
7(07:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.
8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
10(07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
11(07:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.