Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 73

Sòm 73:19-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
21Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.
22Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.
24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
27Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
28Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Read Sòm 73Sòm 73
Compare Sòm 73:19-28Sòm 73:19-28