Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 50

Sòm 50:15-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
17Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
18Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
19Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
20Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
23Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Read Sòm 50Sòm 50
Compare Sòm 50:15-23Sòm 50:15-23