7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
9(036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
10(036:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
11(036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.