Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 29

Sòm 29:1-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
2Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
4Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
5Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
6Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
7Vwa Seyè a fè zèklè.
8Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
9Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
10Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.

Read Sòm 29Sòm 29
Compare Sòm 29:1-10Sòm 29:1-10