Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 27

Sòm 27:7-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
8Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
9Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.
10Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
11Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.
12Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
13Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.

Read Sòm 27Sòm 27
Compare Sòm 27:7-13Sòm 27:7-13