Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 139

Sòm 139:14-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
14M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
18Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
19Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!
20Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.
21Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?
22Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'.
23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
24Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.

Read Sòm 139Sòm 139
Compare Sòm 139:14-24Sòm 139:14-24