10Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.
12Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.
13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
14Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
15M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.
16M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.