3Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
5Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
7Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
8L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.