Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 24

Resansman 24:9-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.
11Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout.
12Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo:
13Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di.
14Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.
15Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
16moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
18Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè.
19Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.
20Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.
21Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.
22Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo.
23Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?
24Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
25Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Read Resansman 24Resansman 24
Compare Resansman 24:9-25Resansman 24:9-25