Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 20

Resansman 20:18-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou.
19Men, moun pèp Izrayèl yo voye di l' ankò: -Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay!
20Men, wa Edon an voye di yo ankò: -Non! Nou p'ap pase menm! Epi li soti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo.
21Se konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout.
22Tout moun pèp Izrayèl yo kite Kadès, yo rive sou Mòn Or la,
23ki te toupre fwontyè peyi Edon an. Antan yo la, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
24-Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.

Read Resansman 20Resansman 20
Compare Resansman 20:18-24Resansman 20:18-24