Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 1

Resansman 1:9-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
10Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
11Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
12Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
13Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
14Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
16Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
17Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
18yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
19dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
20Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

Read Resansman 1Resansman 1
Compare Resansman 1:9-20Resansman 1:9-20