30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
31Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
32Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.
33Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
34Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'.
35Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.
36Se konsa tout moun yo fè msye soti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wòch jouk li mouri, jan Seyè a te ba yo lòd la.
37Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: