22Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo,
23lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:
24Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.
25Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t' fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t' fè espre a.
26Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an.