40Nan denmen maten, byen bònè, yo leve pou y' al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di: -Men nou! Nou pare pou n' ale kote Seyè a di pou n' ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal.
41Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!
42Piga nou moute. Seyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.
43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.
44Pèp la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Seyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an.
45Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.