1Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:
2Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?
3Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.
4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
5Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.