Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 26

Pwovèb 26:9-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.
10Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.
11Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
12Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
13Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.

Read Pwovèb 26Pwovèb 26
Compare Pwovèb 26:9-13Pwovèb 26:9-13