21Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.
22Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.
23Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.
24Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.
25Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.
26Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal.
27Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.