Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 22

Lik 22:4-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.
5Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan.
6Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.
7Jou fèt Pen san ledven an te rive; se jou sa a pou yo te touye ti mouton yo pou manje Delivrans lan.
8Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo konsa: Ale pare manje Delivrans lan pou n' kapab manje li.
9Yo mande li: Ki bò ou ta vle nou pare li?
10Li di yo: Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo; swiv li jouk nan kay kote la antre a.
11N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?
12Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan.
13Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
14Lè lè a rive, Jezi chita bò tab la avèk apòt yo pou manje.
15Li di yo: Mwen pa t' manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n' anvan m' al soufri.
16Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l' ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.
17Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l' di: Men gode sa a, separe l' bay chak moun nan nou;
18paske, m'ap di nou sa, depi koulye a mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
19Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
20Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.
21Men gade! Moun k'ap trayi m' lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!
22Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l' la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l' la!
23Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.
24Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo. Yo te vle konnen kilès nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.

Read Lik 22Lik 22
Compare Lik 22:4-24Lik 22:4-24