Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 6

Levitik 6:20-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
20-Men ofrann Arawon ak pitit gason l' yo va fè pou Seyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l' nan maten, lòt mwatye a nan aswè.
21Y'a melanje lwil ladan l', y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l' an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y'a ofri l' bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Seyè a plezi.
22Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a.
23Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'.
24Seyè a pale ak Moyiz, li di l':
25-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

Read Levitik 6Levitik 6
Compare Levitik 6:20-25Levitik 6:20-25