Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 18

Levitik 18:4-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
5Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!
6Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.
7Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou.
8Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.
9Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'.
10Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè.
11Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou.
12Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,
13kit se bò manman.
14Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.
15Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.

Read Levitik 18Levitik 18
Compare Levitik 18:4-15Levitik 18:4-15