Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 21

Jan 21:18-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale.
19(Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.
20Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la?
21Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li?
22Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.
23Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?
24Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.

Read Jan 21Jan 21
Compare Jan 21:18-24Jan 21:18-24