Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 2

1 Wa 2:12-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.
13Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fè m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!
14Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?
15Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.
16Bon, yon sèl favè m'ap mande ou. Pa refize m' li.
17Batcheba di l': -Pale non! Adonija reponn: -Tanpri, al mande wa Salomon pou l' ban mwen Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm mwen. Mwen konnen li p'ap refize ou sa.
18Batcheba reponn: -Bon, dakò! m'a pale ak wa a pou ou!
19Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe pou l' resevwa manman l'. Li bese byen ba devan l' pou di l' bonjou. Apre sa, l' al chita sou fotèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fotèy pou manman l' chita bò dwat li.
20Batcheba di konsa: -Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m' sa. W'a reponn: -Manman, mande m' sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.
21Batcheba di l': -Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.

Read 1 Wa 21 Wa 2
Compare 1 Wa 2:12-211 Wa 2:12-21