Text copied!
CopyCompare
Bib La - Travay - Travay 18

Travay 18:19-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.
20Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle.
21Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz.
22Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch.
23Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye.

Read Travay 18Travay 18
Compare Travay 18:19-23Travay 18:19-23