8Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
9Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
10Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.
11Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.