Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 94

Sòm 94:2-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!
3Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?
4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.

Read Sòm 94Sòm 94
Compare Sòm 94:2-6Sòm 94:2-6