12Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
13pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.
14Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
15Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.
16Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?