3Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.
4Milan (01.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.
5Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.
6Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
7Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
8Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.