Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 90

Sòm 90:11-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
12Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
13Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
14Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.
15Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
16Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
17Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

Read Sòm 90Sòm 90
Compare Sòm 90:11-17Sòm 90:11-17