Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 8

Sòm 8:3-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3(08:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
4(08:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
5(08:6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.
6(08:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:
7(08:8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,
8(08:9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.

Read Sòm 8Sòm 8
Compare Sòm 8:3-8Sòm 8:3-8