Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 86

Sòm 86:5-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
10paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.

Read Sòm 86Sòm 86
Compare Sòm 86:5-10Sòm 86:5-10