Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 83

Sòm 83:10-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
13(083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
14(083:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
15(083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!

Read Sòm 83Sòm 83
Compare Sòm 83:10-15Sòm 83:10-15