Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 78

Sòm 78:57-63

Help us?
Click on verse(s) to share them!
57Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.
58Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
59Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
61Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale.
62Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.
63Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo.

Read Sòm 78Sòm 78
Compare Sòm 78:57-63Sòm 78:57-63