1Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
2Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
4Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.
5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
10Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
12Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.
13Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?